Nouvo demann yo dwe fèt sou entènèt atravè sit www.fokal.org, ak yon fòm ki fèt espesyalman pou sa. Depi fevriye 2016, FOKAL pa resevwa nouvo demann sou papye ni pa email.
Sibvansyon ki bay nan kad Pwojè Matisan an pa konsène pa chanjman sa a. Pou plis enfòmasyon sou sibvansyon ki gen rapò ak pwojè FOKAL nan Matisan, tanpri kontakte biwo Pak Matisan an:
- Tel : 28 13 1695
- Email: parcdemartissant@fokal.org
Pwogram Bibliyotèk la jere dirèkteman sibvansyon pou bibliyotèk ki nan rezo li a epi li pa finanse nouvo bibliyotèk.
Dokiman yo mande yo rete menm jan an, men fòm sou entènèt la bay plis klate nan demann yo voye bay FOKAL, sa ki rann analiz dosye yo pi rapid ak pi sistematik.
Lè w ap soumèt, w ap kapab chwazi nan twa kategori sibvansyon: Atizay ak Kilti, Sipò pou Etid, ak Lòt Sibvansyon.
Dènye kategori a gen ladan sibvansyon pou Pwogram Medya a, ansanm ak aks priyoritè yo tankou Dwa Moun ak Devlopman Dirab.
Li enpòtan pou konprann byen ke sibvansyon ki pa antre nan tèm sa yo ap difisil pou komite sibvansyon an pran an konsiderasyon.
Pou fasilite pwosesis la, genyen titoryèl ki eksplike chak etap nan demann lan. Pou chak kategori, lis dokiman pou soumèt yo parèt depi nan kòmansman pwosesis la. Lis sa a sanble ak sa FOKAL te konn mande anvan pou tout demann li yo.
Pwosesis pou swivi
Lè fòm lan ranpli epi tout dokiman yo telechaje, ou bezwen klike sou deklarasyon sètifikasyon verasite enfòmasyon yo. Apre sa, wap gen pou rantre yon kòd. Lè ou klike sou “Soumèt”, ou pral resevwa yon email konfimasyon.
Li enpòtan pou ou gen yon adrès email fyab ke ou tcheke regilyèman, paske se sou email sa nap voye tout enfòmasyon sou sibvansyon ou a. Komite sibvansyon yo reyini chak de mwa, kidonk repons lan ka pran 1 a 3 mwa.
N.B. FOKAL pap resevwa okenn demann pa papye ni pa email.
Egzijans Navigatè:
Firefox 4+
Chrome 80+
Opera 10+
Microsoft Edge
Si w ap rankontre difikilte, verifye pwen sa yo:
Asire w navigatè w la (Chrome, Internet Explorer, Mozilla oswa Safari) ajou.
Èske ou te wè yon mesaj konfimasyon nan yon kare vèt anlè paj la apre ou fin soumèt fòm lan?
Si wi, verifye dosye SPAM oswa JUNK ou.
Si non, gade pwen ki anba yo:
Asire chak fichye ou telechaje sou platfòm lan pa depase 3 MB.
Yon ti entèripsyon nan koneksyon entènèt ou ka anpeche soumisyon dosye a byen fèt.
Menm si limit la aplike pou chak fichye separeman, si ou gen plizyè fichye, tan chajman an ka pi long.
Apre plizyè tantativ ak kòd CAPTCHA a, fèmen navigatè a nèt (Chrome oswa Firefox rekòmande) epi relanse li pou eseye ankò.
Koneksyon ki pa estab ka bloke tout pwosesis soumisyon an.
Fòm demann lan gen yon sesyon tan limite, apre 1 èdtan san aktivite, sesyon an ap fèmen otomatikman.
Menm si limit karaktè yo se 1500, eseye limite tèks ou a 1300 karaktè, paske tout espas yo konte. Ou ka toujou telechaje dokiman siplemantè si sa nesesè.
Ou ka toujou kontakte nou sou lyen sa a si ou gen kesyon oswa difikilte.
