
Misyon nou se sipòte lidè vizyonè, pwojè eksepsyonèl, ak kominote inovatè pou ankouraje yon transfòmasyon dirab epi konstwi yon lavni miyò pou Ayiti.
Mwen te konnen FOKAL an 1998, lè m te etidyan. An 2022, mwen te kolabore dirèkteman ak Fondasyon an gras ak sipò li te bay yon pwojè pou pwomosyon dwa sosyo-ekonomik fanm ak tifi ki izole, yon inisyativ FCB te mennen. Mwen te byen vit konprann ke FOKAL se plis pase yon patnè, se yon aktè angaje bò kote moun ki plis vilnerab yo nan yon peyi kote pa vrèman gen asistans sosyal.
M ap kolabore ak FOKAL depi ane 2005 nan domèn kont ak teyat. Premye eksperyans mwen te fèt nan kad pwojè ‘Ripòtchanm’, ki te santre sou kont Félix Morisseau-Leroy. Apre sa, mwen te benefisye plizyè atelye fòmasyon sou jwe wòl, miz an sèn, ekleraj sèn, kominikasyon ak lidèchip. Kolaborasyon sa a te pèmèt mwen patisipe nan rankont entèkiltirèl ak nan plizyè aktivite kominotè. FOKAL te jwe yon wòl kle nan kreyasyon pwogram ‘Teyat ak Edikasyon’ an 2005 ak festival Kont Anba Tonèl an 2009. Patenarya mwen ak FOKAL la te ede m ranfòse kapasite atistik mwen ak angajman sitwayen mwen, pandan li te anrichi tou pakou mwen antanke moun ak pakou pwofesyonèl mwen.
An 2023 ak 2024, FOKAL te sipòte patisipasyon mwen nan konferans anyèl American Psychological Association (APA) yo. De moman ki make chemen mwen kòm yon jèn chèchè an fòmasyon, yon eksperyans mwen pa t ap kapab peye ak revni etidyan mwen. Sipò FOKAL la te vin pi enpòtan toujou an 2024, lè de nan rechèch mwen te mennen an Ayiti yo te seleksyone pou prezantasyon syantifik sou fòm afich. Opòtinite sa a te pèmèt mwen pote vwa Ayiti nan deba entènasyonal sou chanjman klimatik, kesyon jan, ak sante piblik. Mwen swete FOKAL kontinye pandan plizyè deseni ankò louvri espas kote chèchè ak chèchèz ka fè Ayiti briye sou sèn entènasyonal la.
Tel : (509) 2813-1694
Enskri nan Nouvèl Fokal
Copyright © 2025-FOKAL