{"id":20436,"date":"2026-04-17T19:29:18","date_gmt":"2026-04-17T23:29:18","guid":{"rendered":"http:\/\/betatest.fokal.org\/?p=20436"},"modified":"2026-04-17T19:29:20","modified_gmt":"2026-04-17T23:29:20","slug":"ochan-pou-yon-lide-peyizan-san-parey","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2026\/04\/17\/ochan-pou-yon-lide-peyizan-san-parey\/","title":{"rendered":"Ochan pou yon lid\u00e8 peyizan san par\u00e8y"},"content":{"rendered":"\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Mompoint Elie<\/strong>&nbsp;ale kite n nan dat 18 mas 2026. L\u00e8 nouv\u00e8l la vin jwenn mwen, m santi yon trist\u00e8s w\u00f2tp\u00f2t plen k\u00e8 m. M te konnen li te malad, m te konnen li te k\u00f2manse pran laj, men konprann Mompoint pap la ank\u00f2 voye m repase nan memwa m tout sa nou te viv ansanm sitou nan 15 d\u00e8nye lane yo. Nou te vin devlope yon relasyon konfyans ak resp\u00e8 ki te kl\u00e8 pou nou toulede chak fwa nou te rankontre. M te gen okazyon al sou teren lakay li B\u00e8lad\u00e8 anpil fwa, kote l\u00e8 m te deplase pou detwa jou, minwi te konn pran n sou pewon lakay li ap diskite sou pwobl\u00e8m peyi a.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Eksperyans lavi m ak Mompoint remonte lwen. Se k\u00f2m si m w\u00e8 misye k ap mete agiman at\u00e8 nan Kongr\u00e8 Nasyonal T\u00e8t Kole yo, menm jan ak nan l\u00f2t rankont nou te konn genyen sou mouvman peyizan yo. Nou pase yon tan ansanm tou nan Kons\u00e8y administrasyon ak nan Asanble Jeneral&nbsp;<strong>ITECA<\/strong>, kote paw\u00f2l Mompoint toujou pote lide toun\u00e8f ki merite analize. Menm jan an tou, prezans li te enp\u00f2tan anpil nan d\u00e8nye inisyativ m te pran pou rasanble plizy\u00e8 manm \u00f2ganizasyon peyizan pou nou diskite ansanm epitou mennen yon refleksyon kritik sou mouvman an. Ki kote nou ye jounen jodi an? Ki kote nou prale? Li te toujou di, se pa n\u00f2t pou lapr\u00e8s s\u00e8lman ki pou f\u00e8 lit yo avanse.<\/p>\n\n\n\n<div class=\"wp-block-columns is-layout-flex wp-container-core-columns-is-layout-8f761849 wp-block-columns-is-layout-flex\">\n<div class=\"wp-block-column is-layout-flow wp-block-column-is-layout-flow\">\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Se konsa li te pran inisyativ pou chak premye Me, f\u00e8t travay ak agrikilti, misye ak manm \u00f2ganizasyon li an te reyini nan bouk B\u00e8lad\u00e8 anpil otorite tankou, majistra, jij, komis\u00e8 gouv\u00e8nman, direkt\u00e8 lise, agwon\u00f2m depatmantal, depite, senat\u00e8, elatriye, pou yo vin eksplike akl\u00e8 ki travay yo f\u00e8 an fav\u00e8 popilasyon an pandan manda yo. Rankont sa yo te konn f\u00e8 gwo deba, men se te yon kokenn moman deliberasyon demokratik ant sitwayen ak sitway\u00e8n anfas reprezantan Leta yo.<\/p>\n\n\n\n<figure class=\"wp-block-image size-full\"><img fetchpriority=\"high\" decoding=\"async\" width=\"744\" height=\"558\" src=\"http:\/\/betatest.fokal.org\/wp-content\/uploads\/2026\/04\/Sant_kominote_Belade.png\" alt=\"\" class=\"wp-image-20434\"\/><\/figure>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Nan youn nan vizit teren m te f\u00e8 B\u00e8lad\u00e8, Mompoint te ensiste anpil pou \u00f2ganizasyon an te ka gen pw\u00f2p espas li kote li ka reyini, f\u00e8 f\u00f2masyon, f\u00e8 estokaj pwodui yo, resevwa vizit\u00e8. Nou t al gade ansanm yon teren ki sou non \u00f2ganizasyon an. Li te ban n garanti sou sa. Se konsa, nou konstwi Sant Kominot\u00e8 TK B\u00e8lad\u00e8 a ki fini n\u00e8t jounen jodi a. Sa f\u00e8 m mal pou m konnen l\u00e8 Sant la pral inogire, Mompoint pap la an p\u00e8sonn. Men m konnen l ap la av\u00e8 n nan lespri nou.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">D\u00e8nye fwa m al B\u00e8lad\u00e8, se te ak Chenet. Nou te f\u00e8 yon rive paske Mompoint te vle nou rankontre j\u00e8n fanm ak j\u00e8n gason li te entegre nan \u00f2ganizasyon an. Li te vle asire n gen yon rel\u00e8v pou l\u00e8 l pa la ank\u00f2. Nou f\u00e8 plizy\u00e8 rankont ak j\u00e8n yo jou sa. Sa vin pwouve n vizyon Mompoint te toujou genyen pou batay pou peyizan yo, batay pou chanjman nan peyi d Ayiti pa rete nan chimen nan z\u00f2n lakay li, l\u00e8 li pran vw\u00e8l pou peyi san chapo.<\/p>\n<\/div>\n\n\n\n<div class=\"wp-block-column is-layout-flow wp-block-column-is-layout-flow\">\n<figure class=\"wp-block-image size-full\"><img decoding=\"async\" width=\"1265\" height=\"2250\" src=\"http:\/\/betatest.fokal.org\/wp-content\/uploads\/2026\/04\/Mompoint_Premye_Me_BeEladeE_page-0001.jpg.jpeg\" alt=\"\" class=\"wp-image-20433\"\/><\/figure>\n<\/div>\n<\/div>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">D\u00e8nye fwa nou pale, li te endiye d\u00e8ske nou pa te ka rankontre ank\u00f2 pout\u00e8t fason gang ame yo te layite k\u00f2 yo nan Ba Plato a. Nou f\u00e8 yon bon moman ap pale sou degradasyon peyi a, men an final, Mompoint toujou kite m ak yon paw\u00f2l lespwa.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Se moman pou m prezante kondoleyans mwen bay tout fanmi Mompoint an. M konnen doul\u00e8 nou, m pataje l, m respekte d\u00e8y nou tou. Kondoleyans tou pou manm \u00f2ganizasyon TK yo an jeneral, TK B\u00e8lad\u00e8 an patikilye, pou zanmi ak kol\u00e8g li yo nan komin B\u00e8lad\u00e8, nan ITECA, ak nan Kolektif \u00f2ganizasyon nou an. An n kenbe nan memwa nou egzanp angajman ak on\u00e8tete san par\u00e8y Mompoint kite pou nou.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">On\u00e8-Resp\u00e8 pou ou, zanmi-kanmarad Mompoint Elie.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-right wp-block-paragraph\">Mich\u00e8le Duvivier Pierre-Louis<br>Prezidant FOKAL<br>15 avril 2026<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Mompoint Elie&nbsp;ale kite n nan dat 18 mas 2026. [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":20435,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[85],"tags":[],"class_list":["post-20436","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-uncategorized-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/20436","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=20436"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/20436\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":20437,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/20436\/revisions\/20437"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/20435"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=20436"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=20436"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=20436"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}