{"id":18085,"date":"2025-05-23T03:32:38","date_gmt":"2025-05-23T03:32:38","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2025\/05\/23\/in-memoriam-didier-dominique\/"},"modified":"2025-07-17T12:53:36","modified_gmt":"2025-07-17T12:53:36","slug":"in-memoriam-didier-dominique","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2025\/05\/23\/in-memoriam-didier-dominique\/","title":{"rendered":"In Memoriam Didier Dominique"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\">Chak ane, depi 2011, FOKAL toujou komemore dat 12 janvye an pou nou sonje tout moun ki te p\u00e8di lavi yo nan katastw\u00f2f 2010 la. Chak ane, Didier toujou la. An 2022, nan okazyon sa, li te vle f\u00e8 yon mach sitway\u00e8n ki pou ta soti Petyonvil pou l rive nan Pak Matisan an. Se te lide l pou montre sosyete an ak pouvwa an plas la anyen pa te f\u00e8t vre pou rekonstwi Kapital la. F\u00f2 n te ka montre yon f\u00f2s sosyal ki defile nan tout lari yo epi ki rive nan Memoryal Pak la, yon espas senbolik dedye pou memwa dezas la. Didier te fin pa reyalize pwoj\u00e8 mach sa pa te ka f\u00e8t, ensekirite te deja menase plizy\u00e8 katye, li aksepte pwopozisyon pou chak katye komemore seyis la nan fason pa l. Sa te pase byen nan rek\u00e8yman, ak anpil temwayaj.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">An 2024, l\u00e8 li vin salye m apre seremoni an li di m\u00a0:\u00a0\u00ab\u00a0Ou w\u00e8 Mich\u00e8le, m toujou vin nan sa w \u00f2ganize yo, m pa t ap manke sa jodi a dotan nou rann yon b\u00e8l omaj sou tradisyon sakre peyi a ak tanbourin\u00e8 yo.\u00a0\u00bb Se vre. Didier toujou la. Se sa ki f\u00e8, l\u00e8 m pa w\u00e8 Didier nan komemorasyon 12 janvye 2025 la, k\u00e8 m sote. \u00c8ske li malad\u00a0? \u00c8ske l vwayaje\u00a0? \u00c8ske li sou teren ap f\u00e8 travay militan li\u00a0?<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">M pa te gen repons jou sa. Men l\u00e8 nan maten 18 me m aprann Didier ale kite n, m vin poze t\u00e8t mwen kesyon sou absans misye nan seremoni 2025 la.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Depi FOKAL enstale nan lokal Avni Krist\u00f2f la, li ra pou pa w\u00e8 epi tande Didier nan aktivite piblik yo\u00a0espesyalman konferans-deba ak pwojeksyon fim yo. Men relasyon m ak Didier remonte byen lwen anvan moman sa yo. M sonje nan batay pou mande jistis apre depa Duvalier an, anpil nan nou te vle F\u00f2 Dimanch-F\u00f2 Lanm\u00f2 te tounen yon mize pou montre j\u00e8n jenerasyon yo kisa ki te pase nan 29 lane diktati an, pou memwa vyolans ak vyolasyon dwa moun ki te pratike chak jou nan pery\u00f2d sa. Didier te kreye pou gwoup nou an yon b\u00e8l afich ki te reprezante F\u00f2 a kote nan chak fen\u00e8t se te vizaj yon prizonye politik li te desinen. M te kenbe youn nan kopi afich sa pandan lontan an souvni lit nou te mennen ak r\u00e8v nou te genyen pou peyi a.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nou te vin rew\u00e8 an apre nan plizy\u00e8 okazyon. L\u00e8 li te pibliye yon t\u00e8ks, li te toujou pote kopi pou nou depi l\u00e8 <em>Savalou E<\/em> te par\u00e8t. M tounen gade youn nan ti dokiman li te ekri sou <em>Am\u00e9nagement du territoire et urbanisme<\/em>, kote li te travay sou \u00ab\u00a0Lois politiques et projets de soci\u00e9t\u00e9\u00a0\u00bb av\u00e8k ekip li an nan \u00ab\u00a0Centre de Recherches Urbaines \u2013 Travaux (CRU-T).<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Men se liv Didier te ekri ak Rachel la ki te plis make m\u00a0: <em>Textes \u00e0 Conviction<\/em>. Yon liv refleksyon sou patipri misye te genyen k\u00f2m maksis nan tout analiz li te f\u00e8. Se te prism li te chwazi pou kritike sosyete an nan tout fas li. M te gen dwa pa toujou dak\u00f2 ak Didier, men mwen toujou rekon\u00e8t konviksyon san fay li, on\u00e8tete li ak angajman li nan lit li mennen nan \u00f2ganizasyon militan li.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">D\u00e8nye fwa m w\u00e8 Didier, li te vin b\u00f2 kote Lorraine av\u00e8 m nan FOKAL, pou diskite sou enkyetid li te genyen sou eritaj patrimonyal peyi a. Gen anpil degradasyon k ap f\u00e8t nan espas mistik yo, gen atefak k ap dispar\u00e8t. Nou te pran randevou pou apwofondi kesyon sa yo, men sitiyasyon peyi a pa te p\u00e8m\u00e8t sa f\u00e8t.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan moman Didier trav\u00e8se, mwen menm ak tout FOKAL ap prezante senpati n bay tout fanmi Didier, pitit fiy li <strong>Arielle<\/strong>, kanmarad militans li yo, k\u00f2l\u00e8g li yo nan <strong>Lakou Bovwa<\/strong> ak <strong>Anba Zanmann<\/strong>, ak tout zanmi li yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan liv <em>Textes \u00e0 Conviction<\/em> an m tonbe sou yon chante vodou (p.99) m ap chante pou Didier jodi a\u00a0:<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Ala yon b\u00e8l seremoni n ap f\u00e8, se pou Lwa yo<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Lafanmi la yo, jete dlo, beni dlo<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Eritye yo la, chante pou mwen.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Jou m tonbe, men sa k a ranmase mwen\u00a0?<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Jou m tonbe, sa k a ranmase mwen\u00a0?<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Mwen se Sanba ki soti nan Pany\u00f2l o,<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Mwen pa konn chante, chante pou mwen\u00a0!<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">B\u00f2n wout\u00a0! P\u00e8leren\u00a0!<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>Mich\u00e8le Duvivier Pierre-Louis<\/strong><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Chak ane, depi 2011, FOKAL toujou komemore dat 12 [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":18084,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[237],"tags":[],"class_list":["post-18085","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nos-programmes-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/18085","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=18085"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/18085\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18416,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/18085\/revisions\/18416"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/18084"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=18085"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=18085"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=18085"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}