{"id":17863,"date":"2024-10-29T00:47:18","date_gmt":"2024-10-29T00:47:18","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2024\/10\/29\/28-oktob-jounen-entenasyonal-lang-ak-kilti-kreyol\/"},"modified":"2025-07-17T12:55:46","modified_gmt":"2025-07-17T12:55:46","slug":"28-oktob-jounen-entenasyonal-lang-ak-kilti-kreyol","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2024\/10\/29\/28-oktob-jounen-entenasyonal-lang-ak-kilti-kreyol\/","title":{"rendered":"28 okt\u00f2b: Jounen Ent\u00e8nasyonal Lang ak Kilti Krey\u00f2l"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\">Lendi 28 okt\u00f2b 2024 la make 41 lane depi UNESCO te rekon\u00e8t epi tabli <strong>Jounen Ent\u00e8nasyonal Lang ak Kilti Krey\u00f2l<\/strong>, yon rekonesans ki mete lang krey\u00f2l la an val\u00e8 k\u00f2m yon patrimw\u00e0n ki ini p\u00e8p krey\u00f2l yo nan mond lan. Ane sa a, Akademi Krey\u00f2l Ayisyen (AKA) ap komemore 10 lane depi yo te kreye li. Pou make jounen sa a, AKA chwazi t\u00e8m: \u00ab <strong>Lang krey\u00f2l, zouti rezistans p\u00e8p ayisyen an!<\/strong> \u00bb. Yon chwa ki pote sou kapasite lang krey\u00f2l la pou li kontinye pwoteje f\u00f2s, kouraj, ak lespwa, kilti ak lespri rezistans p\u00e8p ayisyen an malgre anpil difikilte nan tout nivo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Jounen sa a pa s\u00e8lman yon selebrasyon lang nou, men li envite chak moun reflechi sou enp\u00f2tans lang ak kilti krey\u00f2l la genyen nan lavi tout kominote krey\u00f2l &#8211; nan Karayib la, Amerik Latin, Kiba, Brezil, Oseyan Endyen, ak l\u00f2t kote ank\u00f2. Lang ak kilti se de fas yon menm reyalite ki konstwi idantite p\u00e8p yo, ki mak\u00f2nen yo ansanm. Se yon zouti pou moun dekouvri pw\u00f2p istwa yo epitou pou yo kapab kominike ak r\u00e8s mond lan av\u00e8k fy\u00e8te, otantisite epi diyite.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan okazyon sa a, Fondasyon Konesans ak Lib\u00e8te (FOKAL) vle rem\u00e8sye epi salye tout moun ak tout enstitisyon k ap travay san pran souf pou f\u00e8 lang krey\u00f2l la grandi epi jwenn plas li. S\u00f2ti nan ot\u00e8, atis, pwofes\u00e8, jounalis, jiska tout moun k ap f\u00e8 pwomosyon krey\u00f2l la chak jou. Nou pap bliye travay moun ki p\u00e8m\u00e8t lang krey\u00f2l lan rive kote l ye a paske lang ak kilti krey\u00f2l la se youn nan zouti peyi a gen dwa revandike pou l s\u00e8vi nan tout dom\u00e8n.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nou swete yon b\u00e8l Jounen Krey\u00f2l a tout Ayisy\u00e8n ak Ayisyen, tout kreyolis, tout dyaspora ayisy\u00e8n nan, ak tout l\u00f2t kominote k ap viv epi pale krey\u00f2l la chak jou! Krey\u00f2l la se pa nou pou n kontinye sonje, reflechi, reziste, grandi, epi kreye yon lavni ansanm. Se av\u00e8k lang sa tou nou ka louvri lespri nou bay tout l\u00f2t lang nou vle aprann.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Lendi 28 okt\u00f2b 2024 la make 41 lane depi [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17862,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[239],"tags":[],"class_list":["post-17863","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nouvel-fokal-1-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17863","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17863"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17863\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18396,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17863\/revisions\/18396"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17862"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17863"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17863"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17863"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}