{"id":17596,"date":"2017-11-08T22:35:04","date_gmt":"2017-11-08T22:35:04","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2017\/11\/08\/diskou-predizant-fokal-la-michele-d-pierre-louis-nan-lokazyon-25-lane-saks\/"},"modified":"2025-07-17T13:01:28","modified_gmt":"2025-07-17T13:01:28","slug":"diskou-predizant-fokal-la-michele-d-pierre-louis-nan-lokazyon-25-lane-saks","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2017\/11\/08\/diskou-predizant-fokal-la-michele-d-pierre-louis-nan-lokazyon-25-lane-saks\/","title":{"rendered":"Diskou predizant FOKAL la, Mich\u00e8le D. Pierre-Louis, nan lokazyon 25 lane SAKS"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\"><strong style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\">SAKS 25 lane: yon referans nan kominikasyon sosyal ak popil\u00e8 ann Ayiti<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>Kontribisyon radyo kominot\u00e8 nan em\u00e8jans nouvo akt\u00e8 sosyal ak valorizasyon lang ak kilti krey\u00f2l<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Vandredi 27 okt\u00f2b 2017<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>M vle k\u00f2manse pa rem\u00e8sye Direksyon SAKS la, espesyalman Direkt\u00e8 l, Ari Regis, deske li envite m patisipe nan komemorasyon 25 lane depi SAKS egziste sou teren kominikasyon sosyal ak popil\u00e8 nan peyi an.<\/em><\/p>\n<p><!--more--><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Selebre 25 lane nan peyi nou se pa jw\u00e8t. Nou tout ki la nou asiste kreyasyon anpil \u00f2ganizasyon ki k\u00f2manse travay ak yon bon elan epi ki pa dire. F\u00f2 nou salye enstitisyon ki tankou SAKS, ak l\u00f2t enstitisyon ki prezan isit la, GARR, JILAP, ITECA, ki reyisi kenbe malgre difikilte yo konfwonte nan sosyete nou an k ap sibi anpil boulv\u00e8s ak div\u00e8s kalite enfliyans.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>M vle salye tou memwa Sony Esteus. Sony se te yon bon kanmarad, yon zanmi, li ale kite nou tw\u00f2 bon\u00e8. Nou tout konnen w\u00f2l Sony te jwe nan kreyasyon ak animasyon SAKS, angajman li, devouman li, militans li nan dom\u00e8n lan. Nou f\u00e8t pou kenbe memwa Sony ak anpil resp\u00e8.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>SAKS mande m f\u00e8 yon ent\u00e8vansyon sou kontribisyon radyo kominot\u00e8 yo nan em\u00e8jans nouvo akt\u00e8 sosyal ak valorizasyon lang ak kilti krey\u00f2l.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Prezantasyon lan ak gen 3 pati:<\/em><\/p>\n<ol style=\"text-align: justify;\">\n<li><em>Esperyans p\u00e8son\u00e8l mwen nan sa nou ta ka rele \u201cem\u00e8jans nouvo akt\u00e8 sosyal\u201d la anvan devlopman radyo kominot\u00e8 yo.<\/em><\/li>\n<li><em>Esperyans mwen ak radyo kominit\u00e8 yo, gany ak rekil<\/em><\/li>\n<li><em>Nouvo defi ki poze jounen jodi an<\/em><\/li>\n<\/ol>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>M ap \u00a0k\u00f2manse ak yon ti rap\u00e8l tou kout sou esperyans mwen te viv p\u00e8son\u00e8lman anvan menm kesyon radyo kominot\u00e8 yo te vin pran plas yo epi jwe w\u00f2l yo nan div\u00e8s kote nan peyi an. E sa gen arevwa ak esperyans pa m ki te p\u00e8m\u00e8t mwen f\u00e8 3 konsta ki vin konstitye baz pou radyo kominot\u00e8 yo.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>An 1986, l\u00e8 Jean Dominique ak tout ekip radyo Ayiti Ent\u00e8 a tounen nan peyi an, depi nan ayewop\u00f2, gen yon s\u00e8l paw\u00f2l ki leve: f\u00f2k Radyo Ayiti relouvri. Foul moun ki t al akeyi Jean an t ap rele: Yon mouvman solidarite pou radyo an. Se konsa yo vin mande jwe w\u00f2l k\u00f2dinatris nan mouvman solidarite sa. Se yon esperyans mwen pap janm bliye. Men 3 konsta m te f\u00e8 ki ale pi lwen pase senpman relouvri radyo Ayiti :<\/em><\/p>\n<ol style=\"text-align: justify;\">\n<li><em>Enf\u00f2masyon ak nouv\u00e8l ki te konn bay nan radyo an nan ep\u00f2k diktati an te rive kreye yon konsyans revandikatif nan mitan katye popil\u00e8 yo, vil pwovens yo ak peyizanri an. F\u00f2 n sonje l\u00e8 sa, radyo yo te itilize bann AM sa vle di yo te rive kouvri tout peyi an. \u00a0Kidonk, nou te deja konstate em\u00e8jans yon \u201cnouvo akt\u00e8 sosyal\u201d.<\/em><\/li>\n<\/ol>\n<ol style=\"text-align: justify;\" start=\"2\">\n<li><em>W\u00f2l radyo nan peyi an. Depi ane 70 yo nou nan \u201crevolisyon tranzist\u00f2\u201d an. Anpil nan boat people yo ki te rive janbe san reken pa devore yo, anpil manm nan dyaspora a te voye radyo ak radyo kas\u00e8t bay fanmi ki te rete nan peyi an. Kote w te pase ou te ka tande yon radyo k ap bay nouv\u00e8l.<\/em><\/li>\n<\/ol>\n<ol style=\"text-align: justify;\" start=\"3\">\n<li><em>W\u00f2l lang krey\u00f2l la vin jwe nan bay enf\u00f2masyon ak l\u00f2t kalite pwogram nan radyo an, ak nan revandikasyon pou dwa yo, ki vin paret ak mouvman popil\u00e8 ki konstitye nan moman sa.<\/em><\/li>\n<\/ol>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Twa konsta sa yo, m f\u00e8 yo pandan 6 mwa kanpay solidarite an te f\u00e8t soti mwa davril rive mwa septanm 1986. Nan menm moman sa, m te f\u00f2matris nasyonal nan gwo kanpay alfabetizasyon Legliz katolik la, Misyon Alfa. Radyo Ayiti relouvri an okt\u00f2b 86. Kanpay solidarite pou radyo an te mennen m tout kote nan peyi an. Se l\u00e8 sa m ap dekouvri, m ap f\u00e8 twa konsta m sot pale sou yo an.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nan moman kanpay la, nou te reyisi ranmase swasantmil dola ameriken. L\u00e8 sa se te anpil anpil \u00a0lajan. Men swasantmil dola ameriken sa, se sitou moun ki pi p\u00f2v nan sosyete a ki te bay li, nan yon goud, de goud, twa goud, senkant k\u00f2b. Gen moun kite vin jwenn nou ki te di nou: m gen 5 goud, m vle bay radyo Ayiti 2 goud, tanpri rem\u00e8t mwen 3 goud pou ti moun yo pa d\u00f2mi san soupe asw\u00e8 a.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Gen moun, sitou peyizan, ki pa t ka bay lajan, yo pote kabrit, kochon, kodenn, rejim bannann, tout kalite pwodui pou te ka bay patisipatyon pa yo. Paske paw\u00f2l la nan moman sa se te: nou pap janm bliye sa radyo Ayiti ent\u00e8 f\u00e8 pou nou. Moun yo di jan enf\u00f2masyon ak nouv\u00e8l nan radyo an te rive louvri lespri yo, p\u00e8m\u00e8t yo pran konsyans sou sitiyasyon yo tep viv la. Menm l\u00e8 te gen babouk\u00e8t anba diktati an, radyo an te f\u00e8 yon fason pou l te pale andaki, moun yo te konnprann kan menm.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Gen anpil l\u00f2t enstitisyon ki tep travay tou l\u00e8 sa, tankou ITECA, Radyo Sol\u00e8y, TKL (ti kominote legliz) yo, gwoup j\u00e8n yo. M sonje l\u00e8 yo f\u00e8 premye kongr\u00e8 j\u00e8n yo nan Jeremi, se te yon gwo moman mobilizasyon kont enjistis ak lamiz\u00e8. Anpil paw\u00f2l revandikasyon te pale, aloske te gen anpil menas sou yo. Men an menm tan, diktati an li menm te menase tou.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Donk, se pa radyo kominot\u00e8 yo ki kreye nouvo akt\u00e8 sosyal sa yo. Radyo kominot\u00e8 yo vin ba l jar\u00e8t, yo konsolide l nan premye moman kote yo par\u00e8t la apre 1986. Radyo kominot\u00e8 yo vin konstwi sou yon teren ki te deja pare. Lit ak revandikasyon ki vin pran f\u00f2s nan moman sa pou dwa yo, dwa lapaw\u00f2l (babouk\u00e8t la tonbe!), dwa asosyasyon, dwa sikilasyon ak ansanm revandikasyon sosyal, politik ak kiltir\u00e8l yo vin esprime yo tou nan mouvman radyo kominot\u00e8 yo.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Dezy\u00e8m sa m kapab di k\u00f2m esperyans mwen. Depi FOKAL kreye sa f\u00e8 22 lane, nou te angaje nan ede \u00f2ganizasyon ki te louvri radyo kominot\u00e8 pou bay nouv\u00e8l lakay, konstwi pwogram edikatif epi f\u00e8 pase revandikasyon yo. Nou bay SAKS koutmen pou pw\u00f2p estrateji pa l sitou nan f\u00f2masyon ak ranfosman \u00f2ganizasyon\u00e8l, preparasyon pwogram edikatif ak sivik, men nou ede k\u00e8k radyo k\u00f2minot\u00e8 yo tou dir\u00e8kteman.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Apre 22 lane, eske bilan an pozitif? Nou ka poze t\u00e8t nou kesyon. Genyen ki reyisi kenbe malgre difikilte yo, genyen k ap mache kousi kousa, genyen ki dispar\u00e8t.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>An 2012, SAKS pibliye yon liv ki enteresan anpil. M konseye tout moun ki la li liv sa. Jan li poze pwoblematik radyo kominot\u00e8 ak kominikasyon sosyal ak popil\u00e8 an f\u00e8 nou aprann anpil sou reyalite sa. Liv la rele: L\u2019exp\u00e9rience des radios communautaires en Ha\u00efti, sous la direction de Sony Est\u00e9us. (Esperyans radyo k\u00f2minot\u00e8 yo an Aytiti, anba direksyon Sony Est\u00e9us)<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nan liv sa, SAKS te bay rezilta evalyasyon li te reyalize sou radyo kominot\u00e8 yo pandan plizy\u00e8 lane. Youn nan pi gwo pwobl\u00e8m lan, se kesyon jesyon an. E nan pwobl\u00e8m jesyon an li regwoupe 4 eleman fondamental:<\/em><\/p>\n<ul style=\"text-align: justify;\">\n<li><em>Nan ki p\u00e8spektiv politik ak kiltir\u00e8l radyo an kreye: ki vle di, \u00f2ganizasyon osinon gwoup moun ki kreye radyo kominot\u00e8 sa, ki misyon li bay t\u00e8t li, ki objektif, ki prensip l ap defann ki pou reflete nan emisyon li pral f\u00e8 yo<\/em><\/li>\n<li><em>Dezy\u00e8mman, nan nivo kominikasyon, ki pwogram radyo an vle kreye, pou ki piblik, kouman l ap konstwi kontni pwogram yo pou yo kapab pedagojik pou piblik li sible an<\/em><\/li>\n<li><em>Twazy\u00e8mman, sou plan ekonomik, ki jan radyo an ap reyisi kenbe pou fonksyonnman l, pou antretyen, pou peye s al gen pou l peye, pou l chache finansman ki kenbe otonomi l.<\/em><\/li>\n<li><em>E finalman, kouman jesyon \u00f2ganizasyon\u00e8l radyo an f\u00e8t. Ki jan responsabilite yo etabli, ki patisipasyon kominot\u00e8 an jeneral,ki patisipasyon fanm yo e kouman yo entegre nan jesyon radyo an, ki konpetans teknik ki genyen, ki pwogram f\u00f2masyon, si gen benev\u00f2l kouman yo \u00f2ganize, ki refleksyon ki genyen sou rel\u00e8v la.<\/em><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Tout 4 eleman sa yo gen tout enp\u00f2tans yo. Men sa ki pet\u00e8t pi enp\u00f2tan toujou se nan ki kont\u00e8ks politik, sosyal ak kiltir\u00e8l radyo yo ap fonksyonnen. Nan ki anviwonnamn global kominikasyon sosyal sa ap f\u00e8t.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>M pa bezwen antre nan analiz konjonkti, nou f\u00e8 sa tout tan. S\u00e8lman m ap f\u00e8 3 remak:<\/em><\/p>\n<ul style=\"text-align: justify;\">\n<li><em>Nan 25 lane ki s\u00f2t pase depi SAKS kreye an, nou kapab di jounen jodi an, gen yon af\u00e8sman nan \u00f2ganizasyon k\u00f2minot\u00e8 ak popil\u00e8 yo. M pap pale de bri k ap f\u00e8t nan lari an. M pap pale de eslogan adwatagoch oubyen degrenngoch kap f\u00e8t yo. M ap pale defisit ki genyen\u00a0 jounen jodi an nan estriktirasyon politik ak estratejik yo, kondisyon rel\u00e8v la, zouti analiz nan kont\u00e8ks nasyonal ak ent\u00e8nasyonal la. Sa pa vle di pa gen rezistans toujou nan s\u00e8ten sekt\u00e8, nan k\u00e8k \u00f2ganizasyon, nan k\u00e8k rejyon. Erezman. Men li kl\u00e8 gen yon nesesite analize f\u00f2s an prezans yo ak rap\u00f2 yo, paske peyi an chanje, moun yo chanje.<\/em><\/li>\n<li><em>Dezy\u00e8m remak m ap f\u00e8 kons\u00e8nen ofansiv s\u00e8k evanjelis yo nan peyi an. M pap louvri okenn deba sou relijyon la. Moun gen dwa pratike relijyon yo vle depi se nan tolerans. Day\u00e8 se sa relijyon yo preche, resp\u00e8 ak solidarite. M ap pale sou sa k ap preche vyolans yo, sa ki gen yon diskou la\u00e8n yo. Sa ki konekte ak l\u00f2t peyi ki gen ajanda pa yo. Nou konnen w\u00f2l destriktirasyon yo genyen nan peyi an ak nan rejyon an. Se pa an Ayiti s\u00e8lman. Gen yon ep\u00f2k nou te konn reziste l\u00e8 n te konn di nou pa vle relijyon te kowosol k ap endomi lespri nou ak kouraj nou. Jounen jodi an, f\u00f2 nou pa minimize w\u00f2l fondamantalis yo nan peyi an. Yo toupatou, nan espas politik yo, nan iniv\u00e8site yo, nan \u00f2ganizasyon yo e latriye. Yo atake fonnman kiltir\u00e8l peyi an, yo kont vodou, yo kont fanm. Se pa yon jw\u00e8t paske y ap vale teren.<\/em><\/li>\n<li><em>Twazy\u00e8mman, se vre lang krey\u00f2l la pran yon developman konsiderab depi 30 lane e li s\u00e8ten radyo kominot\u00e8 yo jwe yon gwo w\u00f2l tou nan mete lang lan w\u00f2d p\u00f2t. Men gen anpil travay ki dwe f\u00e8t toujou espesyalman nan nivo ekriti. Se pou nou panche sou asp\u00e8 sa tou paske se yon eleman kiltir\u00e8l ki gen gwo enp\u00f2tans.<\/em><\/li>\n<\/ul>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Pou konkli, menm si FOKAL kontinye bay SAKS ak k\u00e8k radyo kominot\u00e8 koutmen, gen nesesite pou analize t\u00e8t fr\u00e8t eleman nou sot pale yo.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Paske yo f\u00e8 pati defi ki devan nou yo tou. Gen anpil l\u00f2t defi e m rete s\u00e8ten 25 lane SAKS la ap yon moman espesyal pou diskite mezi long\u00e8 defi sa yo. Monn lan ap chanje. Zouti kominikasyon yo ap chanje tou. Vit\u00e8s enf\u00f2masyon yo sikile, tout kalite enf\u00f2masyon ak dezenf\u00f2masyon, deplizanpli rapid.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Sa yo rele nouvo rezo sosyo yo ap pran plis plas chak jou. Kesyon pou nou poze nan kont\u00e8ks sa, se ki jan radyo kominot\u00e8 yo ap adapte yo pou yo kontinye jwe w\u00f2l yo san yo pa p\u00e8di mak fabrik yo.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>M swete SAKS B\u00f2n F\u00e8t. M swete li kontinye travay li nan ane k ap vini yo ak plis kouraj, plis det\u00e8minasyon. B\u00f2n Joun\u00e8n ent\u00e8nasyonal lang krey\u00f2l la tou.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>M\u00e8si.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>Mich\u00e8le D. Pierre-Louis<\/strong><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>SAKS 25 lane: yon referans nan kominikasyon sosyal ak [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17595,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[237],"tags":[],"class_list":["post-17596","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nos-programmes-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17596","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17596"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17596\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18239,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17596\/revisions\/18239"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17595"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17596"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17596"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17596"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}