{"id":17594,"date":"2019-01-17T13:00:48","date_gmt":"2019-01-17T13:00:48","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2019\/01\/17\/komemorasyon-12-janvye-nan-memoryal-pak-matisan-diskou-michele-pierre-louis-prezidant-fokal\/"},"modified":"2025-07-17T13:01:28","modified_gmt":"2025-07-17T13:01:28","slug":"komemorasyon-12-janvye-nan-memoryal-pak-matisan-diskou-michele-pierre-louis-prezidant-fokal","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2019\/01\/17\/komemorasyon-12-janvye-nan-memoryal-pak-matisan-diskou-michele-pierre-louis-prezidant-fokal\/","title":{"rendered":"Komemorasyon 12 janvye nan Memoryal Pak Matisan &#8211; Diskou Mich\u00e8le Pierre-Louis, prezidant FOKAL"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\"><span style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\">M ap salye tout moun ki reponn prezan nan seremoni maten an. Ane an fenk k\u00f2manse kidonk m swete nou tou yon ane an sante nan lap\u00e8.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Depi ane 2012, l\u00e8 nou k\u00f2manse komemore tranblemann t\u00e8 12 janvye 2010 la, nou pa ka di se ak k\u00e8 kontan nou reyini nan Memoryal Pak Matisan an. Jou sa, moman sa toujou f\u00e8 n sonje tout fanmi, tout zanmi, tout moun nou te konnen, tout moun nou pat konnen ki te p\u00e8di lavi yo nan gwo trajedi nasyonal sa. Se pout\u00e8t sa komemorasyon an gen tout enp\u00f2tans li. Pou nou reflechi sou lanm\u00f2, men pou nou reflechi sou lavi tou.<\/p>\n<p><!--more--><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan ane ki sot pase yo, komemorasyon sa te p\u00e8m\u00e8t nou envite tout kalite moun vin pase moman espesyal sa av\u00e8 n, pou jou sa nou sonje frajilite egzistans nou men tou, pou nou rekon\u00e8t enp\u00f2tans solidarite ki dwe egziste antre nou. Se pa janm yon moman gete ak lajwa, men nan espas sa, tout moun yo toujou vini ak yon lespri ouv\u00e8 pou rankontre l\u00f2t an tout senplisite, pandan n ap sonje sa ki te ale kite n yo nan katastr\u00f2f ki te frappe nou f\u00f2 jou 12 janvye 2010 sa.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Men ane sa, sanble sikonstans yo f\u00e8 n pi tris ank\u00f2. Vwala nou oblije komemore yon l\u00f2t fason, yon l\u00f2t l\u00e8, san nou pa kapab envite tout zanmi, fanmi, k\u00f2l\u00e8g, patn\u00e8 ki toujou vin pase moman espesyal sa av\u00e8 n. Nou tout konn poukisa. Sa f\u00e8 m tris. Anpil anpil. Men nou pa iresponsab. K\u00f2man nou ta kapab envite tout kantite moun ki toujou vini nan komemorasyon an, nan l\u00e8 nou toujou f\u00e8 l la, l\u00e8 gwo zam fann fwa ap chante tout jounen san nou pa janm ka konprann pou ki rezon. Moun ap p\u00e8di lavi yo, moun ak p\u00e8di tout ti byen yo genyen, timoun pa ka al lek\u00f2l\u2026 M pa bezwen kontinye.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Gen bagay grav k ap pase nan peyi a, nou pa konn kil\u00e8 sa ap fini.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Men nou pa vin la jodi a pou nou plenyen. Nou vini paske nou te vle kan menm make jou sa. Nou la pou nou sonje, pou nou pa manje manje bliye, pou memwa nou pa febli. Nou vin la pou nou reflechi tou, sou lavi, sou sans lavi nou, paske nou menm nou vivan toujou e f\u00f2 n kapab bay lavi n sans ak enp\u00f2tans li genyen.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Se pout\u00e8t sa tou, malgre sitiyasyon t\u00e8t chaje n ap trav\u00e8se nan peyi a, men espesyalman nan katye Matisan an, kote anpil nan nou ap viv, kote anpil nan nou ap travay, malgre tout kondisyon malouk sa yo, nou kontinye travay, nou kontinye edike, nou kontinye konstwi ak manm \u00f2ganizasyon ki toujou rete konsekan yo, nou kontinye kreye ak jere Pak Matisan an ki erezman toujou rete pwoteje, toujou pare pou akeyi j\u00e8n yo, timoun yo, fanm yo, \u00f2ganizasyon katye an ki kontinye mennen pwoj\u00e8 yo pou amelyore kondisyon lavi yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Wi Pak Matisan an rete yon b\u00e8l espas piblik ki montre l\u00e8 Ayisy\u00e8n ak Ayisyen mete t\u00e8t yo ak lespri yo ansanm yo kapab konstwi ansanm pou lavni, pou montre kapasite yo, pou montre on\u00e8tete yo. Gen moun ki pap janm dak\u00f2, gen moun sa pap janm f\u00e8 plezi pou tout kalite rezon ki pa toujou kl\u00e8. Men se pa sa ki pou rete n, ki pou anpeche n avanse, ki pou anpeche n rete djanm.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan jou 12 janvye sa, nan dat sa, nan moman sa, se sou p\u00e8spektiv pozitif sa yo pou lespri n rete louvri. Sitiyasyon an difisil se vre, nou kontinye ap antere m\u00f2, se vre, men nou vivan, nou byen vivan, kidonk nou gen kapasite pou n kontinye goumen pou byen komen, nou gen entelijans pou n reflechi, nou gen lanmou nan k\u00e8 n pou n pa kite move lide ak enfliyans negatif detwi b\u00e8l santiman sa.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Anvan m fini m vle rem\u00e8sye tout estaf Matisan an ki rete byen djanm nan travay yo, nan angajman yo, ki ede n \u00f2ganize ti seremoni komemorasyon sa. M vle rem\u00e8sye tou estaf Avni Krist\u00f2f la tou. M pap site non, lis la tw\u00f2 long, men f\u00f2 nou tout konnen jan nan direksyon FOKAL la, nou apresye travay nou, devouman nou pou nou montre yon l\u00f2t imaj peyi a, ki pozitif, yon l\u00f2t imaj Ayisy\u00e8n ak Ayisyen ki gen kouraj, ki angaje, ki gen yon r\u00e8v pou peyi a.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Ane sa, k\u00f2m nou prevwa yon seremoni tout kout, m pat vle s\u00e8l moun ki pran lapaw\u00f2l. M te vle yon rezidan katye a di mo pa l tou.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Dieula Augulna asepte jwe w\u00f2l sa. M di l yon gwo m\u00e8si alavans.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Dieula se pitit Matisan. Anpil lan nou la dwe konnen l. Se yon j\u00e8n fi ki f\u00e8t Matisan nan lane 1992. Apre lek\u00f2l prim\u00e8 l ak segond\u00e8 l, li antre nan Fakilte Agwonomi ak Medsin veterin\u00e8 kote jounen jodi an l ap ekri memwa l k\u00f2m espesyalis nan agwoekonomi.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Dieula se vis-prezidan asosyasyon fanm kad Deslouis ki vin kreye apre esperyans yo nan sa nou rele nan FOKAL mach esplworatwa yo. Medam Deslouis yo te \u00f2ganize pw\u00f2p mach esploratwa yo lan ane 2017 la.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Dieula se yon etidyan ki kw\u00e8 nan disiplin, nan f\u00e8 ef\u00f2 ak t\u00e8t ou pou gen yon edikasyon ak yon metye solid, paske sa enp\u00f2tan nan monn lan jodi a. Li gen filozofi l nan lavi a, e gwo lide filozofi sa se: ou gen pou peye sa w f\u00e8. Si w f\u00e8 byen w ap jwenn rekonpans kan menm, si w f\u00e8 mal f\u00f2 gen sanksyon ki tonbe alawot\u00e8 mal ou f\u00e8 a. An final, Dieula di n li kw\u00e8 nan kesyon dwa moun, tout moun egal ego.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Konpliman Dieula, ou se yon fy\u00e8te pou nou e se ak anpil lon\u00e8 m ap pase w lapaw\u00f2l nan moman espesyal sa kote n ap komemore nan memorial Pak Matisan an tranblemann t\u00e8 12 janvye 2010 la.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">M\u00e8si anpil.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>Mich\u00e8le Duvivier Pierre-Louis<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>Prezidant FOKAL<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>12 janvye 2019<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>Memoryal Pak Matisan<\/strong><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>M ap salye tout moun ki reponn prezan nan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17593,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[237],"tags":[],"class_list":["post-17594","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nos-programmes-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17594","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17594"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17594\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18241,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17594\/revisions\/18241"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17593"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17594"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17594"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17594"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}