{"id":17585,"date":"2020-07-03T05:58:20","date_gmt":"2020-07-03T05:58:20","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2020\/07\/03\/ann-pa-limite-moun-yon-dokimante-sou-estereyotip-fi-sibi\/"},"modified":"2025-07-17T13:01:28","modified_gmt":"2025-07-17T13:01:28","slug":"ann-pa-limite-moun-yon-dokimante-sou-estereyotip-fi-sibi","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2020\/07\/03\/ann-pa-limite-moun-yon-dokimante-sou-estereyotip-fi-sibi\/","title":{"rendered":"Ann Pa limite moun, yon dokimant\u00e8 sou prejije moun sibi"},"content":{"rendered":"<p>Ane pase, ant 22 jiy\u00e8 ak 23 dawout, 21 jenn te patisipe nan yon <a href=\"index.php\/nouvel-fokal\/31-nos-programmes\/1335-prolongation-de-l-appel-a-candidature-atelier-de-film-documentaire-diversite-et-tolerance\">atelye pou kreye fim dokimant\u00e8 sou t\u00e8m <em>div\u00e8site ak tolerans<\/em><\/a>. Reyalizat\u00e8 Richard S\u00e9n\u00e9cal te anime atelye sa, kote jenn sa yo te f\u00e8 konesans ak teknik reyalizasyon dokimant\u00e8 yo, e rankontre anpil l\u00f2t f\u00f2mat\u00e8, militant dwa moun tankou l\u00f2t reyalizat\u00e8, ki te echanje ak yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">T\u00e8m sa (<em>div\u00e8site ak tolerans<\/em>) te p\u00e8m\u00e8t patisipan yo manyen kesyon dwa moun nan fim yo, atrav\u00e8 sij\u00e8 ki enp\u00f2tan pou yo nan anviwonman yo. Nan fen atelye a, jenn yo te travay sou div\u00e8s pwoj\u00e8 fim tou kout, nan yon demach kote yo tap kolabore ansanm.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Yo pwodui 11 ti fim, ki <a href=\"index.php\/nouvel-fokal\/31-nos-programmes\/1376-projection-de-films-documentaires-sur-le-theme-diversite-et-tolerance\">te pase nan FOKAL nan dat 13 septanm 2019<\/a>. Pami 11 fim sa yo, te genyen \u201c<em>Ann Pa limite Moun<\/em>\u201d, fim tou kout nou ap prezante ou semenn sa a. Christossamens Moise Saintilme ak Pierrelie Shama Fran\u00e7ois reyalize fim sa ki pale de estereyotip fi sibi nan chwa yo ap f\u00e8, espesifikman nan ka sa, nan chwa yo pou yo leve f\u00e8. Se Pierrelie ki se sij\u00e8 fim nan tou.&nbsp;<\/p>\n<p><!--more--><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">\n<p>{youtube}2ts8RMXjX88|800|500|1{\/youtube}<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Pou Pierrelie, youn nan ko-reyalizat\u00e8 yo, pwobl\u00e8m estereyotip sou sa fi ou gason dwe f\u00e8, se yon pwobl\u00e8m ki rey\u00e8l, menm si yo pa diskite ase sou li, kote sosyete a fikse de bagay fi pa dwe f\u00e8, osinon gason pa dwe f\u00e8. Se pou sa li te chwazi pale de li, nan kad kl\u00e8b esp\u00f2 yo. <em>&#8221; Anndan kl\u00e8b esp\u00f2 yo, yo atann fi f\u00e8 mouvman pou f\u00e8 cardio ak pou kase vant. Depi li chwazi miskle k\u00f2 li, li viktim anpil prejije &#8220;. <\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><img fetchpriority=\"high\" decoding=\"async\" class=\" alignleft size-full wp-image-17584\" src=\"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/Screen_Shot_2020-07-03_at_1.44.04_AM.png\" alt=\"Pierrelie Ann Pa Limite Moun\" width=\"400\" height=\"225\" style=\"margin-bottom: 5px; margin-right: 5px; float: left;\" \/>Dapre jenn patisipant la, atelye a se te yon bon lokazyon pou li panche sou prejije sa. Anndan fim nan se li menm p\u00e8son\u00e8lman kamera a ap suiv e ki vin sij\u00e8 fim nan. <em>&#8221; Se yon pwobl\u00e8m mwen viv, e mwen te vle eksprime li fason mwen te viv li a<\/em>&#8220;, selon jan li eksplike.<em><br \/> Li rapousuiv : &#8221; se yon dwa fi genyen pou chwazi si lap miskle ou non. Pa gen limit, otan li gen kapasite pou li f\u00e8 l&#8221;. <\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Se te premye travay Pierrelie k\u00f2m reyalizatris dokimant\u00e8. &#8220;<em>Avan mwen te patisipe nan atelye a, mwen pat gen okenn ide de kijan yo f\u00e8 fim dokimant\u00e8. Se gras ak Richard S\u00e9n\u00e9cal e kolaborat\u00e8 li yo, tankou Gasner Francois ak Roger, plis l\u00f2t f\u00f2mat\u00e8 tankou Rachele Magloire ak Gessica G\u00e9n\u00e9us mwen vin aprann pou bay travay sa &#8220;. <\/em><br \/> Li pa blike ap\u00f2 tout l\u00f2t patisipan yo nonplis : <em>Se pa travay wen ak Christossamens s\u00e8lman, men yon travay ekip. Travay sa, ke se b\u00f2 kote f\u00f2mat\u00e8 ni patisipan yo. Yo te pote anpil pou rive elabore travay la. L\u00e8 w gen yon lide, ou prezante l bay tout sal la e tout moun ede w.&#8221; <\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Pierrelie espere aprann plis nan domenn nan toujou, e swiv travay l\u00f2t moun pou li avanse ladan li pou kontinye f\u00e8 pase mesaj. Li di li deja gen l\u00f2t pwoj\u00e8 sinematografik li menm ak l\u00f2t patisipan nan atelye a a ap travay sou yo pou yo so ti nan ane sa a.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Aktivite sa te posib atrav\u00e8 gras ak pwoj\u00e8 \u00ab <em>Acc\u00e8s \u00e0 la justice et lutte contre l\u2019impunit\u00e9 en Haiti <\/em>\u00bb, nan patenarya ak <em>Avocats Sans Fronti\u00e8re<\/em> Canada, ak sip\u00f2 Gouv\u00e8nman peyi Kanada, atrav\u00e8 <em>Affaires Mondiales Canada<\/em>.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ane pase, ant 22 jiy\u00e8 ak 23 dawout, 21 [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17584,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[237],"tags":[],"class_list":["post-17585","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nos-programmes-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17585","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17585"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17585\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18250,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17585\/revisions\/18250"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17584"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17585"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17585"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17585"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}