{"id":17565,"date":"2021-09-30T20:14:58","date_gmt":"2021-09-30T20:14:58","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2021\/09\/30\/deye-bote-pak-matisan-vanyan-jadinye-li-yo\/"},"modified":"2025-07-17T13:01:07","modified_gmt":"2025-07-17T13:01:07","slug":"deye-bote-pak-matisan-vanyan-jadinye-li-yo","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2021\/09\/30\/deye-bote-pak-matisan-vanyan-jadinye-li-yo\/","title":{"rendered":"D\u00e8y\u00e8 bote Pak Matisan, vanyan jadinye li yo"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\"><span style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\">L\u00e8 w vizite Pak Matisan, premye sa k di w bonjou se bote peyizaj la ak chante ti zwazo yo. Sezon ot\u00f2n sa a, pak la tout koul\u00e8, sa ki ranf\u00f2se cham li yo. L\u00e8 a fre epi l natir\u00e8l, li ba w lenpresyon ou an pwovens, poutan w Matisan, nan twazy\u00e8m seksyon komin P\u00f2toprens, yon kote eksepsyon\u00e8l pou prez\u00e8vasyon lanati ak pwoteksyon div\u00e8site biyolojik.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Ekla ak pite sit la, ki se yon bijou pou kominote Matisan ak pou tout peyi a, chita sou travay regilye tr\u00e8z ouvriye\u00a0: vanyan jadinye l yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Sou sit sa a ki mezire 17 ekta, travay jadinye sa yo pa piti. Yo prezan nan pak la depi sol\u00e8y leve jouk li kouche. Ent\u00e8vansyon yo garanti ekilib ekosist\u00e8m nan. \u00ab\u00a0<em>Nou responsab pou netwaye pyebwa ak lizy\u00e8 yo, nou pran swen kwasans ak sante plant ak fl\u00e8 yo. Se nou menm tou ki wouze epi f\u00e8 ent\u00e8vansyon nan tout sa k kons\u00e8ne antretyen diferan espas yo nan pak la tankou\u00a0: memoryal la, pepiny\u00e8 yo nan sant kiltir\u00e8l Katherine Dunham (CCKD) ak espas Leclerc la<\/em>\u00a0\u00bb. Sa se eksplikasyon Jean Willy Bonnet, yon jadinye k ap travay nan Pak Matisan.<\/p>\n<p><!--more--><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Souriyan, djanm, jadinye 52 zan sa a, ki soti nan depatman Grandans peyi a, te entegre ekip jadinay la an 2012, konnya li se responsab pepiny\u00e8 plant medisinal yo ki okipe yon espas antye nan pak la. \u00ab\u00a0<em>M te toujou yon pasyone lanati, se pou sa m santi m kontan pou travay nan antretyen pak sa ki si mayifik. M poko janm w\u00e8 l\u00f2t kote tout rich\u00e8s natir\u00e8l, kiltir\u00e8l ak b\u00e8t sa yo k ap prez\u00e8ve nan nivo diferan espas yo nan pak la<\/em>\u00a0\u00bb, toujou dapr\u00e8 deklarasyon Jean Willy Bonnet.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Dapr\u00e8 jadinye Fec\u0153ur Rom\u00e9lus li menm, 56 zan, moun Ansavo, travay jadinye yo pa travay fasil, li mande anpil depans fizik, ki mande andirans ak bon kondisyon fizik, \u00ab <em>Men se pa sa s\u00e8lman\u00a0\u00bb, <\/em>dapr\u00e8 Fec\u0153ur ki kw\u00e8 yon jadinye dwe genyen tou sans obs\u00e8vasyon, kapasite pou l travay nan yon ekip, konpetans nan dom\u00e8n jadinay, pepiny\u00e8 oubyen agrikilti.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>\u00ab\u00a0M te toujou renmen travay nan espas ki pa kouvri, lapli ak sol\u00e8y p ap menm deranje m nonplis. Pasyon m pou jadinay an reyalite k\u00f2manse ak papa m l\u00e8 m te av\u00e8 l nan lane 1979 nan depatman Nip<\/em>\u00a0\u00bb, se sa jadinye enkonparab sa revele. Pou li, nenp\u00f2t moun pa ka vin jadinye. F\u00f2k moun sa gen pasyans ak lanmou pou metye a.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><img fetchpriority=\"high\" decoding=\"async\" class=\" alignleft size-full wp-image-17564\" style=\"margin: 5px 20px 10px 0px; float: left;\" src=\"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/wp-content\/uploads\/2021\/09\/Gardes_champetres_MArtissant.jpg\" alt=\"Gardes champetres MArtissant\" width=\"500\" height=\"300\" \/>Fec\u0153ur regr\u00e8t tan papa l la, an pwovens, kote jaden fanmiy yo te tou pre chak kay, e moun yo te bay agrikilti plis plas. Li kw\u00e8 mank enter\u00e8 pou sekt\u00e8 sa alimante kriz alimant\u00e8 ak anviw\u00f2nman peyi a ap viv la. Jean Willy b\u00f2 kote pa l di li pataje konesans li yo nan dom\u00e8n sa ak pitit li yo,\u00a0\u00ab\u00a0<em>se yon eritaj pou pataje ak fanmiy lan<\/em>\u00a0\u00bb, se sa li panse.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan pak Matisan tou transf\u00e8 konesans yo p\u00e8manan. Pak Nasyonal Iben (ki anndan vil) nan Matisan angaje l nan f\u00f2masyon san kanpe jadinye li yo, nan ba yo tanzantan konesans teyorik ak pratik nan botanik, nan teknik kilti ak konpostaj elatriye.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Piblik dey\u00f2 pak la pwofite tou de eksp\u00e8tiz yo. Nan sousi ekolojik ak resp\u00e8 pou anviw\u00f2nman, ouvriye sa yo prodwi epi itilize tou Bwa Ranmo Fragmante (BRF) nan pak la pou yo vann tou.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">K\u00e8k plant, fl\u00e8 ak pyebwa ki f\u00e8t nan Pak la souvan ekspoze e vann pandan gen ekspozisyon fwa ak k\u00f2mand. \u00ab\u00a0<em>Yo mande nou plant medisinal yo anpil isit la, moun ki mande yo bezwen yo swa pou prevansyon oubyen gerizon men tou pou rezon terapetik\u00a0<\/em>\u00bb, se sa Jean Willy f\u00e8 nou konnen.\u00a0<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Pak Matisan rekonesan pou konesans ak devouman jadinye sa yo ki ede l rete b\u00e8l.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">F\u00f2 n raple Pak Nasyonal Iben Matisan, ke yo plis konnen sou non Pak Nasyonal Matisan, te jwenn rekonesans itilite piblik nan dat 29 jen 2007 ak yon arete prezidansy\u00e8l, epi yo te deklare l \u00ab\u00a0z\u00f2n pwoteje\u00a0\u00bb ak yon arete prezidansy\u00e8l nan mwa avril 2017. Aksesib pou tout moun, se Fondasyon Konesans ak Lib\u00e8te (FOKAL) ki kreye l epi k ap jere l.<\/p>\n\n\n<p><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>L\u00e8 w vizite Pak Matisan, premye sa k di [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17563,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[237],"tags":[],"class_list":["post-17565","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nos-programmes-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17565","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17565"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17565\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18275,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17565\/revisions\/18275"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17563"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17565"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17565"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17565"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}