{"id":17553,"date":"2016-01-18T23:05:00","date_gmt":"2016-01-18T23:05:00","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2016\/01\/18\/misyonkr\/"},"modified":"2025-07-17T13:02:24","modified_gmt":"2025-07-17T13:02:24","slug":"misyonkr","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2016\/01\/18\/misyonkr\/","title":{"rendered":"Misyon FOKAL"},"content":{"rendered":"<p>Ankouraje estrikti ki neses\u00e8 pou tabli yon sosyete demokratik, jis epi solid\u00e8, ki chita sou otonomi ak responsablite endividy\u00e8l ak kolektiv ;<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Ankouraje otonomi endividy\u00e8l, panse kritik, jijman, sans responsablite, inisyativ, kreyativite ak koperasyon nan edikasyon, f\u00f2masyon ak kominikasyon;<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Ranf\u00f2se pwosesis \u00f2ganizasyon\u00e8l yo, paske se yo ki rann egz\u00e8sis panse kritik la posib e, se gras ak yo tou aprantisaj, pataj ak konfwontasyon konesans anndan gwoup yo rive devlope nan lide pou tout moun patisipe nan jesyon Leta a ak devl\u00f2pman lavi asosiyativ, sosyal ak kiltir\u00e8l.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>Piblik nou vize<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">FOKAL te f\u00e8 chwa pou sip\u00f2te sekt\u00e8 nan sosyete a ki ap pote chanjman: timoun ak j\u00e8n yo, asosyasyon sosyete sivil la ak sekt\u00e8 yo toujou mete sou kote yo tankou peyizan yo ak fanm yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>Val\u00e8 nou yo<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em><strong>\u00a0<\/strong><\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou kw\u00e8 nan val\u00e8 ak diyite chak moun.<\/em> Tout moun gen dwa a resp\u00e8 ak diyite. Misyon FOKAL se ankouraje otonomi endividy\u00e8l, panse kritik, jijman, sans responsablite, inisyativ, kreyativite ak koperasyon nan edikasyon, f\u00f2masyon ak kominikasyon. Nou respekte patn\u00e8 nou yo menm jan nou respekte benefisy\u00e8 nou yo ak moun ki ede nou nan ef\u00f2 n ap f\u00e8 pou n pouswiv misyon sa.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Val\u00e8 sa yo, nou jwenn yo nan tout pwogram ak inisyativ nou yo\u00a0: Pak Matisan, Pwoteksyon patrimw\u00e0n achitektiral la, Devl\u00f2pman dirab, Edikasyon, Inisyativ j\u00e8n yo, Medya, Bibliyot\u00e8k, Atizay ak kilti, Sant kiltir\u00e8l la, Sip\u00f2 pou \u00f2ganizasyon sosyete sivil yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou kw\u00e8 nan devwa memwa ak nan batay kont enpinite<\/em>. FOKAL ap ch\u00e8che ankouraje estrikti ki neses\u00e8 pou tabli yon sosyete demokratik, jis epi solid\u00e8 ki chita sou otonomi ak responsablite endividy\u00e8l ak kolektiv. Depi 1995, FOKAL ap soutni inisyativ sou devwa memwa ak batay kont enpinite. Diferan pwogram Fondasyon an an patenarya ak asosiyasyon sosyete sivil yo ak Iniv\u00e8site yo \u00f2ganize vire tounen aktivite piblik ak atelye f\u00f2masyon ak rech\u00e8ch sou kesyon sa yo ki fondamantal pou jodi ak demen nou. Demach sa anrasinen nan pwogram Edikasyon nou an ki, mete sou sa, bay j\u00e8n ki konn f\u00e8 gwo mway\u00e8n men ki pa ka rantre nan iniv\u00e8site akoz yo pa gen mwayen bous pou yo etidye.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou kw\u00e8 nan angajman sivik ak patisipasyon sitwayen<\/em>. FOKAl gen pou objektif tou, ranf\u00f2se pwosesis \u00f2ganizasyon\u00e8l yo, paske se yo ki rann egz\u00e8sis panse kritik la posib e, se gras ak yo tou aprantisaj, pataj ak konfwontasyon konesans anndan gwoup yo rive devlope nan lide pou tout moun patisipe nan jesyon Leta a ak devl\u00f2pman lavi asosiyativ, sosyal ak kiltir\u00e8l. Nou ankouraje angajman ak patisipasyon diferan sekt\u00e8 nan sosyete a. Nan pwogram nou yo, nou valorize enklizyon sitwayen yo. Fondasyon an sip\u00f2te ef\u00f2 endividy\u00e8l ak ef\u00f2 kominote yo pou f\u00e8 tande vwa yo. Pwogram Atizay ak Kilti montre val\u00e8 sa yo byen atrav\u00e8 ap\u00e8l any\u00e8l li pou pwopozisyon sou t\u00e8m kreyativite ak chanjman sosyal.<strong>\u00a0<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou kw\u00e8 nan sip\u00f2te kominote yo pou amelyore kondisyon lavi yo<\/em>. Depi 1995, FOKAL ap sip\u00f2te sekt\u00e8 nan sosyete a ki ap pote chanjman: timoun ak j\u00e8n yo, asosyasyon sosyete sivil la, ak sekt\u00e8 yo toujou mete sou kote yo tankou peyizan yo ak fanm yo. Val\u00e8 sa tradwi nan pwogram sip\u00f2 devl\u00f2pman dirab pou ti antrepriz sosyal ak solid\u00e8, pwoj\u00e8 pou pwoteksyon anviw\u00f2nman, rebwazman, jesyon fatra ak resiklaj, pwoteksyon basen v\u00e8san, ranf\u00f2se \u00f2ganizasyon peyizan yo, mennen dlo pou bw\u00e8 ak inisyativ nan dom\u00e8n agrikilti, lap\u00e8ch ak elvaj. Nan kad pwoj\u00e8 Pak Matisan an, FOKAL ap travay san rete nan katye a pou amelyore kalite lavi a epi ankouraje apw\u00f2ch sitwayen responsab yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>\u00a0<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou kw\u00e8 nan egalite ant fanm ak gason, ak resp\u00e8 pou dwa ak lib\u00e8te fondamantal moun<\/em>. Depi 1995, FOKAL ap sibvansyone inisyativ pou pwomosyon dwa fanm ak egalite ant fanm ak gason, batay kont inegalite, diskriminasyon ak vyolans sou fanm, aks\u00e8 a jistis. Val\u00e8 sa tradwi nan pwogram sip\u00f2 pou \u00f2ganizasyon dwa moun yo ak nan aksyon ki f\u00e8t nan katye Matisan an.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou sip\u00f2te batay kont diskriminasyon ki chita sou ras, klas, relijyon, s\u00e8ks, oryantasyon seksy\u00e8l, andikap, sitway\u00e8nte<\/em>. FOKAL sip\u00f2te moun, asosyasyon ak enstitisyon ki enplike nan batay kont entolerans ak diskriminasyon. Nou kw\u00e8 nan resp\u00e8 pou dwa ak lib\u00e8te fondamantal moun jan Konstitisyon an ak Deklarasyon sou Dwa Moun yo garanti sa. Val\u00e8 sa, nou jwenn li espesyalman nan sibvansyon, piblikasyon, ekspozisyon, fim dokimant\u00e8, san konte inisyativ ki kons\u00e8ne yon pi bon konpreyansyon sou relasyon Ayiti ak Dominikani ak pwomosyon yon kilti lap\u00e8.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nou kw\u00e8 nan pwomosyon deba kritik ak tolerans. Depi 1997, atrav\u00e8 pwogram Inisyativ J\u00e8n li yo, FOKAL ap devlope ladr\u00e8s j\u00e8n yo pou deba ki baze sou val\u00e8 sivik. Deba p\u00e8m\u00e8t j\u00e8n yo f\u00e8 egz\u00e8sis panse kritik nan adrese avantaj ak dezavantaj yo nan yon konfli, bati yon agiman, ak f\u00e8 rech\u00e8ch poukont yo. Yo gen op\u00f2tinite pou diskite sou pwobl\u00e8m ki afekte lavi yo ak lavi kominote yo nan yon atmosf\u00e8 toleran ak rasyon\u00e8l. Kat\u00f2z kl\u00e8b j\u00e8n ap aprann panse kritik, kijan pou yo pale epi angajman sivik atrav\u00e8 peyi a.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nou kw\u00e8 nan entegrite ak on\u00e8tete nan relasyon yo ak pratik yo. Entegrite ak on\u00e8tete se val\u00e8 FOKAL privilejye nan aksyon l yo ak fonksy\u00f2man l. Kalite sa yo, se chak grenn anplwaye ki mete yo an pratik e se yo k ap gide aksyon nou yo. On\u00e8tete ak entegrite ede ankouraje yon anviw\u00f2nman travay pozitif ki ranf\u00f2se konfyans nan relasyon nou av\u00e8k patn\u00e8 nou yo, donat\u00e8 nou yo ak benefisy\u00e8 nou yo. Administrasyon FOKAL la jwenn anpil demann e l ap travay pou l bay pi bon s\u00e8vis posib la.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou kw\u00e8 nan emansipasyon j\u00e8n yo. Depi 1997, FOKAL, atrav\u00e8 div\u00e8s pwogram, ofri j\u00e8n an Ayiti yo aktivite ki devlope panse kritik, konesans, antreprenarya, agimantasyon, tolerans ak kreyativite. Depi l\u00e8 sant kiltir\u00e8l la ouv\u00e8 an 2003, aktivite kiltir\u00e8l ak atistik yo te p\u00e8m\u00e8t j\u00e8n yo rankontre atis ayisyen ak etranje ki f\u00e8 non yo deja, ekspoze travay yo oswa patisipe nan konferans.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou kw\u00e8 nan difizyon bon jan kalite enf\u00f2masyon. Soti 1995 pou rive 2010, FOKAL sibvansyone travay estasyon radyo kominot\u00e8 toupatou nan peyi a. Pwogram Medya a te kreye an 2010 pou sip\u00f2te travay jounalis ak medya ayisyen yo nan pwodiksyon ak difizyon bon jan enf\u00f2masyon ekilibre. Atrav\u00e8 pwogram sa a, FOKAL ankouraje aks\u00e8 a enf\u00f2masyon ak kominikasyon pou popilasyon yo. FOKAL sip\u00f2te f\u00f2masyon j\u00e8n fotograf ak videyograf, devl\u00f2pman travay dokimant\u00e8 ak difizyon yo. Bilten ki soti chak sem\u00e8n, &#8220;Nouv\u00e8l FOKAL&#8221;, nan pwogram kominikasyon an ba l posiblite tou pou l Nou kw\u00e8 nan pouswit byen komen an ak pwomosyon espas piblik la. Tranblemannt\u00e8 12 janvye 2010 la te f\u00e8 Fondasyon an reflechi sou aksyon l ap mennen depi 1995. Travay sou anviw\u00f2nman an, aks\u00e8 a enf\u00f2masyon, edikasyon ki gen inovasyon, devl\u00f2pman kominot\u00e8, aks\u00e8 a dlo potab atrav\u00e8 yon pwosesis konsiltatif, sip\u00f2 pou sosyete sivil la ak mond atistik la te vin pis ki pi reyalis pou aplikasyon nouvo pwoj\u00e8 yo. N ap travay pou kreye mod\u00e8l rekonstriksyon dirab ki gen inovasyon ki konsyan de anviw\u00f2nman fizik ak imen an, swa atrav\u00e8 chema pou amenaje katye Matisan an, swa atrav\u00e8 pwoj\u00e8 pou sove patrimw\u00e0n achitektiral la.<\/em><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><em>Nou kw\u00e8 nan aks\u00e8 a konesans ak enf\u00f2masyon. Depi 1997, FOKAL ap travay pou rann liv ak enf\u00f2masyon aksesib a tout moun, atrav\u00e8 pwogram Bibliyot\u00e8k la. Yon vent\u00e8n ti bibliyot\u00e8k lokal benefisye de sip\u00f2 finansye, don liv ak sip\u00f2 teknik. Se gwoup j\u00e8n ki jwenn soutyen komniote yo ki pi souvan jere bibliyot\u00e8k sa yo. Nou jwenn yo nan katye majinal yo nan kapital la ak nan ti vil pwovens yo. Depi 2012, bibliyot\u00e8k mobil &#8220;Bibliotaptap&#8221; la ap siyonnen lari P\u00f2toprens, li ofri liv, magazin ak aktivite amizman gratis, sitou pou pi j\u00e8n yo.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Ankouraje estrikti ki neses\u00e8 pou tabli yon sosyete demokratik, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17509,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[183],"tags":[],"class_list":["post-17553","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-istorik-fokal-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17553","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17553"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17553\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18160,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17553\/revisions\/18160"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17509"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17553"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17553"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17553"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}