{"id":17545,"date":"2016-01-20T17:44:05","date_gmt":"2016-01-20T17:44:05","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2016\/01\/20\/zon-amenajman-konsete-matisan-an-2\/"},"modified":"2025-07-17T13:02:23","modified_gmt":"2025-07-17T13:02:23","slug":"zon-amenajman-konsete-matisan-an-2","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2016\/01\/20\/zon-amenajman-konsete-matisan-an-2\/","title":{"rendered":"Z\u00f2n amenajman kons\u00e8te Matisan an"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\">Z\u00f2n amenajman kons\u00e8te Matisan an te kreye pa yon arete prezidansy\u00e8l an 2007. Se yon sit ki gen yon sip\u00e8fisi 1,5 km<sup>2 <\/sup>oubyen 150 ha, ki twouve l ant dezy\u00e8m seksyon kominal P\u00f2toprens, ki se M\u00f2n Lopital, ak Matisan, twazy\u00e8m seksyon kominal la. M\u00f2n Lopital la kole ak m\u00f2n Las\u00e8l, nan sid kapital ayisyen an. T\u00e8t m\u00f2n nan se Pik Foumi (1044 m) tou pr\u00e8 Boutilye. L\u00e8 lapli tonbe, tout dlo ki soti M\u00f2n Lopital yo al tonbe nan ravin Bawadch\u00e8n ki trav\u00e8se sant P\u00f2toprens ak nan ravin Sale ki debouche sou Matisan. Donk se yon z\u00f2n espesyal ke meri P\u00f2toprens delege a yon enstans piblik pou l amenaje l.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan ka ZAC Matisan an, se UCLBP (Unit\u00e9 de construction de logements et de b\u00e2timents publics) nan MTPTC (Minist\u00e8re des travaux publics, transports et communication) ki responsab chema amenajman an.<\/p>\n<h3 style=\"text-align: justify;\">Aks ent\u00e8vansyon yo<\/h3>\n<p>Gen senk gwo aks ki defini pou aktivite kreyasyon pak la nan ZAC la<\/p>\n<h4 style=\"text-align: justify;\">Dlo ak asenisman<\/h4>\n<p style=\"text-align: justify;\">Pou aks \u00ab\u00a0dlo ak asenisman \u00bb gen plizy\u00e8 ent\u00e8vansyon k ap f\u00e8t an kolaborasyon ak Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman (DINEPA), epi an k\u00f2dinasyon ak operat\u00e8 ki chaje l de aksyon sou aks\u00e8 a dlo potab, pwoteksyon perim\u00e8t sous ak ravin yo nan z\u00f2n riral z\u00f2n amenajman kons\u00e8te a, epi asenisman likid. FOKAL responsab amenajman ravin Mangon\u00e8s\u00a0la. Jesyon fatra yo f\u00e8t ak S\u00e8vis metwopoliten k ap kolekte epi ranmase fatra solid yo (SMCRS), jesyon enfrastrikti yo f\u00e8t ak S\u00e8vis antretyen ekipman iben ak riral yo (SEEUR), nan t\u00e8t kole ak kominote katye a dapr\u00e8 yon met\u00f2d ki favorize benevola.<\/p>\n<h4>Rediksyon pwobl\u00e8m sekirite yo nan z\u00f2n nan epi sitway\u00e8nte<\/h4>\n<p style=\"text-align: justify;\">Aktivite elektrifikasyon ak mizanplas ekleraj piblik ak konpayi piblik (EDH) ak gwoup katye yo ap f\u00e8t nan aks sa. Kreyasyon yon Sant resous kominot\u00e8 ak s\u00e8vis piblik Leta yo, UCLBP, Meri P\u00f2toprens ak eli lokal yo (ASEC \/ CASEC) prevwa tou. Travay konstriksyon sant lan te k\u00f2manse an 2017. Se yon fason tou pou f\u00e8 pwomosyon chema amenajman an ak r\u00e8gleman ibanis yo b\u00f2 kote moun ki rete nan z\u00f2n nan.<\/p>\n<h4>Devl\u00f2pman ekonomik epi anviw\u00f2nman<\/h4>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan yon sousi devl\u00f2pman ekonomik ak pwoteksyon anviw\u00f2man, yo prevwa kreye yon z\u00f2n tanpon epi pwoteje perim\u00e8t sous Leclerc a ant pati ki ibanize ak pati riral ZAC la. Yo prevwa kreye tou, anndan Sant resous kominot\u00e8 a,\u00a0\u00ab\u00a0kay biznis la \u00bb pou ankadre ti biznis yo, epi mete kanpe yon pwogram akonpayman pou amelyore kay kote moun ap viv yo. Ekip la ap devlope tou aktivite kreyasyon jaden b\u00f2 vil yo ak moun k ap viv nan katye a.<\/p>\n<h4 style=\"text-align: justify;\">Inovasyon epi ekselans nan dom\u00e8n edikatif<img decoding=\"async\" class=\" alignright size-full wp-image-17389\" style=\"float: right;\" src=\"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/wp-content\/uploads\/2016\/01\/Universite.JPG\" alt=\"Universite\" width=\"260\" height=\"173\" \/><\/h4>\n<p style=\"text-align: justify;\">Plis pase 150 el\u00e8v ki nan lek\u00f2l ki nan katye a epi ki abitye f\u00e8 b\u00e8l mway\u00e8n jwenn bous chak ane. Pwoj\u00e8 a ap f\u00e8 aktivite sansibilizasyon ak pwomosyon pou anviw\u00f2nman an, prevansyon risk ak dezas yo, ak prevansyon nan sante nan tout\u00a0lek\u00f2l ki nan ZAC la ak el\u00e8v yo, pwofes\u00e8 yo, moun k ap travay nan lek\u00f2l yo ak paran yo.<\/p>\n<h4 style=\"text-align: justify;\">Sante-dwa<\/h4>\n<p style=\"text-align: justify;\">Prensipal misyon pwoj\u00e8 sante-dwa a se akonpaye popilasyon an nan Z\u00f2n amenajman kons\u00e8te (ZAC) Matisan an pou pi bon enf\u00f2masyon ak f\u00f2masyon moun ki gen konesans sou pwobl\u00e8m sante. Kidonk, FOKAL ap mennen yon kanpay kont viris yo nan katye a nan mobilize volont\u00e8 ki idantifye epi trete ma dlo ki kale moustik yo, f\u00e8 fimigasyon pou anpeche pwopagasyon moustik yo. Pwogram nasyonal batay kont malarya, lafy\u00e8v deng, Chikoungounya, Zika ak filaryoz lenfatik nan Minist\u00e8 Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) an rete yon patn\u00e8 kle. Anplis de sa, ekip la mennen tou ank\u00e8t sosyo-sanit\u00e8 pou yon pi bon konpreyansyon sou sitiyasyon lijy\u00e8n ak sante nan katye a.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><a href=\"http:\/\/www.parcdemartissant.org\/index.php\/le-quartier\/zone-d-amenagement-concertee\/61-zone-d-amenagement-concerte\">http:\/\/www.parcdemartissant.org\/index.php\/le-quartier\/zone-d-amenagement-concertee\/61-zone-d-amenagement-concerte<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Z\u00f2n amenajman kons\u00e8te Matisan an te kreye pa yon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17388,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[181],"tags":[],"class_list":["post-17545","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-archives-kr-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17545","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17545"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17545\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18181,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17545\/revisions\/18181"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17388"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17545"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17545"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17545"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}