{"id":17527,"date":"2022-08-23T14:54:00","date_gmt":"2022-08-23T14:54:00","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2022\/08\/23\/23-dawout-jounen-entenasyonal-pou-sonje-tray-trafik-moun-nwa-ki-te-soti-lafrik-ak-le-li-kaba\/"},"modified":"2025-07-17T13:01:07","modified_gmt":"2025-07-17T13:01:07","slug":"23-dawout-jounen-entenasyonal-pou-sonje-tray-trafik-moun-nwa-ki-te-soti-lafrik-ak-le-li-kaba","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2022\/08\/23\/23-dawout-jounen-entenasyonal-pou-sonje-tray-trafik-moun-nwa-ki-te-soti-lafrik-ak-le-li-kaba\/","title":{"rendered":"23 dawout : Jounen Ent\u00e8nasyonal pou sonje tray trafik Moun Nwa ki te s\u00f2ti Lafrik ak l\u00e8 li kaba"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\"><span style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\">Se pou komemore memwa tout moun, fanm kou gason, ki te goumen kont kolonizasyon, esklavaj ak rasis nan fen 18e sy\u00e8k la sou bout t\u00e8 sa yo rele Ayiti jodia <\/span><a style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\" href=\"https:\/\/twitter.com\/UNESCO\">UNESCO<\/a><span style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\"> deklare, depi nan lane 1998, dat 28 dawout lan k\u00f2m <\/span><strong style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\"><em>Jounen Ent\u00e8nasyonal pou nou sonje tray Trafik Moun Nwa ki te s\u00f2ti Lafrik yo ak l\u00e8 li kaba<\/em><\/strong><span style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\">.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Soti lannwit <strong>22 pou rive 23 dawout 1791<\/strong>, esklav yo f\u00e8 yon gwo leve kanpe nan Sendomeng, alep\u00f2k yon koloni peyi Lafrans. Leve kanpe san pran souf sa te vin transf\u00f2me nan yon veritab lag\u00e8 moun pot ko janm w\u00e8. Konsa, nan nwa novanm 1803, nan gwo <strong>batay V\u00e8ty\u00e8<\/strong> a, Lame Endij\u00e8n lan te pral ranp\u00f2te lag\u00e8 a sou twoup lame Napoleyon yo ki te vin retabli sist\u00e8m esklavaj la ki te gentan kaba depi lane 1793. Zans\u00e8t yo te rebay bout t\u00e8 sa non Ayiti, non p\u00e8p Tayino yo te deja ba li a, pou montre gwo volonte pou koupe fache ak sist\u00e8m esklavaj lan l\u00e8 yo deklare t\u00e8t yo <strong>endepandan nan dat premye janvye 1804<\/strong> la.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Se te yon lendepandans mond esklavajis lan pa te janm aksepte. Pout\u00e8t sa, yo te rive f\u00e8 j\u00e8n nasyon an peye lendepandans sa tr\u00e8 ch\u00e8. Men sa te pi grav ank\u00f2 pou peyizan yo, sila yo ki te bay sw\u00e8 ak san yo, sila yo pa te janm konnen kijan yo rele, sila yo ki te koupe fache ak ansyen rejim nan pou lib\u00e8te, egalite, lon\u00e8 ak diyite te gen tout sans yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Kat sy\u00e8k kote moun pa te pran moun pou moun kite mak fabrik li nan lemond jiskaprezan. De jou an jou, dokimantasyon sou kesyon trafik moun ak lesklavaj lan ap vin pi plis. Moun k ap f\u00e8 rech\u00e8ch nan dom\u00e8n syans sosyal yo, tankou istoryen, jewograf, akeyol\u00f2g ak filoz\u00f2f yo pwofite itilize dokimantasyon sa yo pou analize, konprann, konpare epi pataje eleman gwo antrepriz mondyal sa ki te trafik moun nwa nan z\u00f2n Oseyan Atlantik la ak nan Oseyan Endyen an, ki te rive mete lapat sou plizy\u00e8 milyon Afriken epi f\u00e8 yo travay k\u00f2m esklav. Travay kreyasyon aplastik yo, literati, mizik epi ladans, gras ak imajinasyon, pote anpil limy\u00e8 sou anpil mak krim sa yo kite. Men tou, yo ede nou konprann kokennchenn kouraj viktim yo te genyen pou kanpe anfas bouwo yo ak kalte f\u00f2s sa pou goumen pou jwenn liberasyon.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan moman kote peyi a ap viv gwo kriz, latwoublay ak tribilasyon ki mak\u00f2nen ak yon sitiyasyon vyolans san par\u00e8y k ap kraze epi detwi nou, nou dwe reflechi sou kisa ev\u00e8nman ki te pase nan lannwit s\u00f2ti 22 pou rive 23 dawout 1791 la te genyen k\u00f2m objektif ak pwom\u00e8s, eseye jwenn epi viv vr\u00e8 sans lide Lib\u00e8te ak Egalite ki se fondasyon menm peyi d Ayiti.<\/p>\n<p>\u00a0<\/p>\n<p><iframe title=\"YouTube video player\" src=\"https:\/\/www.youtube.com\/embed\/Ub5HCC47N_s\" width=\"560\" height=\"315\" frameborder=\"0\" allowfullscreen=\"allowfullscreen\"><\/iframe><\/p>\n<p>\u00a0<\/p>\n\n\n<p><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se pou komemore memwa tout moun, fanm kou gason, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17524,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[239],"tags":[],"class_list":["post-17527","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nouvel-fokal-1-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17527","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17527"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17527\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18292,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17527\/revisions\/18292"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17524"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17527"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17527"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17527"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}