{"id":17254,"date":"2023-03-09T17:55:52","date_gmt":"2023-03-09T17:55:52","guid":{"rendered":"http:\/\/ec2-54-86-215-170.compute-1.amazonaws.com\/index.php\/2023\/03\/09\/fanm-okonba-ti-koze-ak-kek-militant-feminis\/"},"modified":"2025-07-17T12:59:43","modified_gmt":"2025-07-17T12:59:43","slug":"fanm-okonba-ti-koze-ak-kek-militant-feminis","status":"publish","type":"post","link":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/kr\/2023\/03\/09\/fanm-okonba-ti-koze-ak-kek-militant-feminis\/","title":{"rendered":"Fanm #okonba: ti koze ak k\u00e8k militant feminis"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\"><span style=\"font-family: Inter, serif; font-size: revert;\">Fondasyon Konesans ak Lib\u00e8te &#8211; FOKAL, nan t\u00e8t kole ak Avocats Sans Fronti\u00e8res Canada (ASFC), nan kad pwoj\u00e8 AJULIH (Acc\u00e8s \u00e0 la Justice et Lutte contre l\u2019Impunit\u00e9 en Haiti) ki jwenn finasman AMC (Affaires Mondiales Canada), nan yon pwodiksyon ki siyen fondasyon Mw\u00e8M, ap difize apati 8 mas la, yon seri ent\u00e8vyou ak plizy\u00e8 p\u00e8sonalite ki ap batay pou f\u00e8 pwomosyon ak respekte dwa Fanm an Ayiti. Ent\u00e8vyou sa yo vize ekspoze travay militant sila yo bay gran piblik la, men tou p\u00e8m\u00e8t akt\u00e8z yo eksplike kisa epi ki sans batay yo ap mennen an genyen.<\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Plizy\u00e8 kapsil videyo ap pase sou paj FOKAL yo sou rezo sosyal ent\u00e8n\u00e8t yo ak paj k\u00e8k patn\u00e8 nan kad pwoj\u00e8 sila. Kalandriye piblikasyon an disponib tou sou sit FOKAL la ak platf\u00f2m: EGALEGO. Platf\u00f2m Egalego an se yon espas ki vize regwoupe yon seri zouti ki disponib pou konsiltasyon ak itilizasyon nan sa ki gen pou w\u00e8 ak Dwa moun.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Difizyon sila yo dwe p\u00e8m\u00e8t piblik la f\u00e8 konesans ak plizy\u00e8 militant pou koze Dwa Fanm, travay yo ap bouske nan dom\u00e8n nan, ekspoze pwennvi yo sou mouvman feminis la epi reyaji sou k\u00e8k kozekrem\u00f2l ki ap di sou feminis yo ak mouvman an pa b\u00f2 isit. Travay sila se yon zouti anplis pwoj\u00e8 <strong>AJULIH<\/strong> mete an plas pou vilgarize epi f\u00e8 pwomosyon dwa pou tout moun, nan lide pou jistis sosyal boujonnen toupatou nan peyi a.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Yon epiz\u00f2d Fanm #okonba ap difize ofiamezi selon kalandriye ki prevwa pou sa. Men piblik la ka jwenn kontni sa yo apre premye difizyon an. Paske yo ap ret disponib sou rezo sosyal yo epi platf\u00f2m EGALEGO. Fanm #okonba se yon vitrin pou salye travay militant fiminis yo ap f\u00e8 epi ankouraje plis akt\u00e8 ak akt\u00e8z pote kole pou resp\u00e8 Dwa Fanm kou dwa tout moun tounen yon reyalite.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><strong>AJULIH<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan lane 2017 ASFC lanse pwoj\u00e8 AJULIH ak yon finansman gouv\u00e8nman Kanadyen an nan t\u00e8t kole ak FOKAL. Pwoj\u00e8 AJULIH enterese li a twa (3) vol\u00e8 enp\u00f2tan: Kontribiye nan amelyorasyon aks\u00e8 epi distribisyon lajistis an Ayiti, ride nan monte bon jan\u00a0 mekanis pou lite kont enpinite ak koripsyon epi ensite sitwayen ak sitway\u00e8n ayisyen patisipe k\u00f2msadwa nan pwosesis pou tanmen yon demokrasi san f\u00f2s kote. Se sou d\u00e8nye asp\u00e8 sila FOKAL ent\u00e8veni an patikilye ak Programme \u00c9ducation Citoyenne. Paske nou kw\u00e8, lasante yon demokrasi depann de enplikasyon chak sitwayen ak sitway\u00e8n nan veye epi ranf\u00f2se enstitisyon ak pratik ki makonnen ak pwoj\u00e8 demokrasi sila.<\/p>\n<p><iframe title=\"YouTube video player\" src=\"https:\/\/www.youtube.com\/embed\/tM6cgp8veLI\" width=\"560\" height=\"315\" frameborder=\"0\" allowfullscreen=\"allowfullscreen\"><\/iframe><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Fondasyon Konesans ak Lib\u00e8te &#8211; FOKAL, nan t\u00e8t kole [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":17253,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[244],"tags":[],"class_list":["post-17254","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-nouvel-kreyol-kr"],"_links":{"self":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17254","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=17254"}],"version-history":[{"count":1,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17254\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":18314,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/17254\/revisions\/18314"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17253"}],"wp:attachment":[{"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=17254"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=17254"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"http:\/\/betatest.fokal.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=17254"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}